ABSANS TOTAL PATWOUY LAPOLIS NAN JEREMI GENYEN DIG DANTAN

172
0
Share:
TRiboLAND

01-31-2023
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan moun nan vil jeremi pa konnen sa ki rele “patwouy lapolis”; li pa fèt ni lajounen ni lannwit. Se yon pratik kap disparèt nan popilasyon an e ki ta sanble pa antre nan kad twavay POLISYE yo nan Jeremi. Pou anpil moun, se yon konpòtman ki depaman ak misyon enstitisyon polis nasyonal la, kise pwoteje, lavi ak byen tout moun.

Dapwè kèk nan sitwayen yo nan Jeremi, fenomèn blackout ki makònen ak absans fòs lòd yo pou garanti sekirite ou trankilite piblik nan kat kwen vil lan. Konsa, deriv sa yo fasilite pou anpil moun, bandi tout plim komèt tout kalite zak malfèktè, sou sitwayèn ak sitoyenn pezib nan sosyete a.

Kontribyab yo kap bourike nan fòse tèt yo peye Leta lajan tax chak mwa pou polisye yo; konsa, gro kesyon ap poze pou detèmine, eske Leta pa dwe sitwayen yo sekirite? Patwouy polisyè, se pa bagay moun kapab arive wè menm nan dòmi!

Nan sans sa, divès moun mande swadizan antite etatik yo pou sispann vyole dwa yo, paske se yon obligation pou yon swa dizan yon dirijan ranpli fonksyon li, jan maman lwa peyi a mande sa.

Share:

Leave a reply