Gro batay gang ame nan Lafag, 6e Seksyon Kominal Sen Lwi Dinò: bandi yo boule krèy kay e masakre plis pase yon douzèn moun

252

10\07\20

Lafag, Sen Lwi Dinò____(TriboLAND) 14 moun pèdi lavi yo anba kout zàm ak kout manchèt. Plizyè moun blese gravman grav, anviwon yon krèy kay boule rapyetè, se bilan zak vyolans sangwen ak zàm arive komèt nan 6e Seksyon kominal Sen Lwi Dinò, nan lokalite Lafag, depatman Nòdwès, soti lendi 5 oktòb pou rive jounen mèkredi 7 oktòb 2020 sa a.

Tanicien Joassaint, Kowòdonatè KASEK

Kowòdonatè KASEK zòn Lafag la, Tanicien Joassaint ki anba chòk akoz kay li ki bwile ak 2 tonton l ki mouri, deklare popilasyon an enpuisan devan zak bandi yo; yo oblije pran lyann e kite zòn nan pou al pran refij nan Sen Lwi Dinò, pandan yo lonje dwèt jouda sou 2 prezime chèf gang, Erick Prospère ansanm ak Levelt ki achte komin Sen Lwi Dinò lajan kontan.

Nan kad yon rankont Asosiyasyon depatmantal KASEK Nòdwès yo te òganize nan vil Pòdepè madi 6 oktòb 2020 an sou zak vyolans group gang atravè Seksyon Kominal yo, prensipalman nan Sen Lwi Dinò, prezidan asosiyasyon an, Jimmy Dérisma di yo enpuisans devan zak bandi yo ak komèt. Li denonse tou atitid reselè Lajistis ki nan danse kole ak bandi yo ke yo toujou libere a chak fwa Lapolis mete men nan gagann yo.

Pa twò lontan Pakè Pòdpè a, te di l gen kontwòl bandi yo nan komin Sen Lwi Dinò, poutan se bandi sangwen yo ki gen kontròl aparèy jidisyè a. Dènye kou pou touye koukou a arive fèt nan yon pakèt zak teroris nan Lafag, Gedon, Bwa Chandèl ,,,. pou site sa yo sèlman .

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.