Sen Lwi Dinò : Vaksen (Moderna) kont kovid-19 deja disponib selon responsab sante yo

814

8/13/2021

Sen Lwi Dinò, Nòdwès_____(TRiboLAND) Nan kàd yon konferans pou lapwès mèkredi 10 out 2021 an, direktè medikal Lopital Kominotè Autrichyen an nan Sen Lwi Dinò, doktè Childeric Dorvilus ansanm ak responsab pwogràm vaksinasyon kont pandemi Kovid-19 la, madàm Félicité Charles, deklare vaksen ki pote non “Moderna” pou pwoteje popilasyon an kont Korona virus la deja disponib atravè sant sante yo nan depatman Nòdwès la.


Daprè 2 responsab sa yo: Dr Dorvilus ak madàm Charles, pèsonèl sante yo nan Lopital Kominotè Autrichyen an nan Sen Lwi Dinò gentan pran premye dòz vaksen an san okenn konplikasyon. Konsa, yo envite popilasyon Nòdwès la, Sen Lwi Dinò anpatikilye, mache pwese vin resevwa oswa vin pran enfòmasyon sou premye dòz vaksen an ki se yon trè bon vaksen pou pwoteksyon yo kont maladi kovid-19 la .

Toujou selon 2 responsab pwogràm kanpay vaksinasyon kont maladi Kovid-19 la ki t ap depoze nan mikwo TRiboLAND “pòt Lopital Autrichyen nan Sen Lwi inò rete ak 2 batan l louvri pou resevwa ni moun k ap vin vaksine, ni moun k ap vin bouske enfòmasyon.




Comments are closed.