DCPJ-DDC : Fòs lòd yo pran nan nas yon gro pwason group gang 400 Mawozo

1,782

05-29-2022

Mibalè_____(TRiboLAND) Yon manm gro lobo group gang 400 Mawozo ke lapolis tap chèche tankou chyen fou ki rele Pierre Dieumedon Peter, jwen arestasyon li yè jedi 26 me 2022 a nan yon checkpoint nan Mibalè.

Nan moman yon checkpoint lapolis ki te anba lobedyans Inite Depatmantal Mete Lòd yo (UDMO) anndan Sant peyi a, e se menm lè sa tou manm òganizasyon malfektè a tap tante lage pye l pou travèse lizyè peyi Repiblik Dominikèn, jwen arestasyon li, daprè responsab DCPJ-DDC yo.

Pierre Dieumedon Peter, se yon depòte peyi Etazini. Enfo anketè yo fè konnen ke prezime bandi sangwen an ta sanble tap jwe wòl tradiktè pou te fasilite kominikasyon ant chèf gang sangwen “Lanmò San Jou” ak misyonè ameriken ke yo te kidnape samdi 16 octòb 2021 nan Kwàdèboukè, daprè responsab DCPJ yo ki deja genyen tradiktè a anba men yo pou swit legal yo.

Comments are closed.