MSPP deja distribye ekipman bay lopital Otrisyen Ayisyen nan Sen Lwi Dinò alòske deja genyen yon mò ak divès lòt ka kovid

489

06/24/2021

Senluidinò_______( TRIboLAnd) Lopital kominotè Otrichyen Ayisyen nan komin Sen Lwi Dinò, depatman Nòwès, di l pare pou l fè fas kare ak pandemi Kovid-19 la k ap vale teren atravè peyi Dayiti, notàmman nan Nòdwès.

Konsa, yon ekip prizanchaj, fòmatè siveyans ak yon ekip sansibilizatè deja soupye nan sans saa pou rive fè fas kare ak maladi a ki pa respekte Pè Pap. Dr Dorvilus Childerick ki se direktè enstitisyon medikal la, fè konnen yo deja resevwa bò kote Ministè Sante Piblik materyèl tankou bonbòn oksijèn, kabann, aparèy radyografik, kit tès rapid, pou n site sa yo sèlman.

Dr Dorvilus rapousuiv pou l di ke yo deja rezève yon espas pou loje sila yo ki deja trape maladi a pandan l kontinye pou di gen yon dividal amelyorasyon ki fèt nan zafè lasante nan lopital saa akoz yon ekip pèsonèl sante kap travay san pran souf. Kowonaviris la deja okazyone yon mò nan vil Sen Lwi Dinò, plizyè ka sispèk anrejistre san konte lòt ki an karantèn.

 Responsab lopital la, Dr Dorvilus konseye popilasyon Sen Lwi Dinò a, patikilyèman depatman Nòdwès pou l aplike mezi ijèn yo ki se pote mas, lave men, pa pran lari a san bezwen. Maladi Kowona egziste tout bon vre! Se pa politik, pwiske yo deja resanse yon mò san kote yon dividal lòt ki teste pozitif nan komin nan.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.