Direksyon Polis Nòdès la Deklare Lagè kont Trafikan Dwòg nan Jakzil

482
0
Share:
Triboland

Nòdès, Ayiti ____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Lapolis Nòdès la mete-l sou pye pou deklare lagè kont trafikan dwòg kap taye banda nan zòn lan. Jodi vandredi 11 jiyè 2025 lan, Komisè Divizyonè Jacques Antoine Étienne ak tout ekip li rann vizit nan lokalite Jakzil, yon espas ki, dapre enfòmasyon yo, sèvi kòm pis aterisaj pou fè trafik dwòg.

Vizit sa a vini apre dekouvèt kakas yon ti avyon ki te pran dife nan menm zòn nan, nan mwa jen pase a, de sa Rezo Nòdès News rapòte, ki te simen latwoublay nan mitan popilasyon an.

Direktè Polis la fè konnen dispozisyon serye deja pran, ak sipò Ministè Travay Piblik (MTPTC), pou bloke tout filyè kap sèvi trafik dwòg nan depatman an. Li lanse yon mesaj klè: Nòdès pap tounen refij pou rezo kriminèl.

Popilasyon Jakzil di yo swete deklarasyon sa yo tounen aksyon konkrè, paske yo fatige viv nan laperèz.

Share:

Leave a reply