Reyaksyon Bawo Pòdpè aprè Deklarasyon Komisè Jeir Pierre sou Rezo Gang ki Ap Vòlè Tè nan Nòdwès

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan kad dènye deklarasyon piblik Komisè Gouvènman Pòdpè a, Jeir Pierre, ki te pale sou egzistans yon rezo gang ki, daprè li, ap opere nan depatman Nòdwès pou vòlè tè moun, Konsèy Lòd Avoka Pòdpè yo pa rete san repons. Nan entèvansyon komisè a, ki te fèt sou plizyè medya tradisyonèl ak platfòm sou entènèt, li site divès sektè pwofesyonèl kòm patisipan nan rezo sa a: sibtiti komisè, jij enstitisyon ak jij de syèj, jij de pè, usye, apantè, notè, epi avoka.
Deklarasyon sa yo lakoz anpil reyaksyon nan mitan moun k’ap pratike nan sektè lajistis la nan zòn nan, sitou Bawo Pòdpè a, ki wè nan pawòl komisè a yon menas sou repitasyon ak kredibilite tout yon kò Avoka.
Bawo Pòdpè Mande Klarifikasyon
Nan yon korespondans ofisyèl, Bawo Pòdpè a, ki gen nan tèt li Mèt Edler Louima, yo ekri Komisè Pierre pou mande-l plis klarifikasyon sou deklarasyon li yo. Bawo a mande espesyalman pou komisè a soumèt lis Avoka li konsidere kòm patisipan nan rezo kriminèl li denonse a. Daprè Bawo a, se sèl fason sa a ki kapab pèmèt lajistis mete aksyon piblik an mouvman sou baz konkrè epi evite nenpòt fòm jeneralizasyon ki kapab difamatwa.
Pou Konsèy Lòd Avoka yo, si deklarasyon sa yo pa akonpaye avèk prèv solid yon fason pou debouche sou aksyon legal klè, se pa lòt bagay ke « deklarasyon fantezi » ki gen kapasite sal repitasyon, kraze konfyans ant sektè jidisyè a ak popilasyon an, epi mete moun andan sistèm lan an danje.
Deklarasyon Komisè Pierre yo fèt nan yon kontèks difisil, kote kesyon vòl tè, lit fonksyònman sistèm lajistis ak relasyon ant otorite yo vin tounen tèm sansib ak deba cho. Fòk nou rekonèt, depi kèk tan, anpil akizasyon sou zak fo papye, envazyon tè, ak koripsyon sou dosye fon lan ap sikile nan tout peyi a, e Nòdwès pa eskape. Anplis bandi ki kenbe popilasyon an nan gòj sou tout fòm.






