Plizyè estrikti mete tèt ansanm pou netwaye ak pote ekipman nan sou-komisarya Basen Kayiman nan Jakmèl

Jakmèl, Ayiti______(TRiboLAND) Yon gwoup òganizasyon sosyal ak enstitisyon lokal tankou OJDAH, CALA École Professionnelle, KLEREM, BACOP-Juridique, avèk sipò Gouvernance Group, mete tèt yo ansanm jodi vandredi 11 jiyè 2025 la pou mennen yon aksyon volontè nan sou-komisarya Basen Kayiman, ki chita nan antre vil Jakmèl.
Aksyon sila te gen ladan-l netwayaj espas la, epi yo te remèt kèk ekipman senbolik bay komisarya a, tankou kabann, lanpadè, ak lòt materyèl ki kapab ede amelyore kondisyon fonksyonnman lapolis nan zòn nan.
Kodonatè OJDAH, Gérald Prophète, ansanm ak reprezantan BACOP-Juridique, Mèt Saurel Deronnette, te pran lapawòl devan laprès pou esplike objektif aktivite a. Yo deklare se aprè plizyè konsta sou move kondisyon fizik ak lojistik komisarya a, yo deside aji, kòm sitwayen responsab e angaje pou chanjman.
“Nou pa ka kontinye ap mande sekirite pandan espas sekirite yo pa gen minimòm kondisyon pou fonksyone,” se deklarasyon Gérald Prophète, ki mete aksan sou nesesite pou kominote a jwe wòl li nan ranfòse estrikti piblik yo.
Aksyon sila se pa premye pa òganizasyon sa yo ap fè ansanm. Yap kontinye mennen aktivite sosyal, edikatif, ak legal nan respè pou dwa yo, ak ankouraje leadership pozitif nan mitan jèn yo.






