Alavèy fèt drapo ak inivèsite, yon mega postè foto enspektè Jeneral Jean Saint Fleur ap sikile nan vil Jeremi

05 – 17 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Prezidan konsèy administrasyon kominal enterimè komin Jeremi an, Onel Jacinthe onore an siy rekonesans, ansyen enspektè Jeneral Polis Nasyonal lan, Jean Saint Fleur pou sa li te reyalize nan vivan li nan chak okazyon fèt drapo nan depatman Grandans peyia. Malgre absans mwayen lojistik, enspektè polis devwe a te toujou fè tout sa ki te nan pouvwa li, pou selebwe grandyoz e an gran panpan fèt bikolò a nan rejyon an.
Daprè majistra enterimè a, mesye Onel Jacinthe, ansyen enspektè polis la, pat moun Jeremi; sepandan, li te toujou itilize pwòp mwayen finansyè li pou yon seri aksyon sosyàl, patikilyèman finansman fèt drapo nan Grandans. Jean Saint Fleur te yon gwo antreprenè; gras ak biznis li, li te toujou sibvansyone anpil aktivite sosyàl e kiltirèl; san konte ankadreman lojistik ak lamanjay pou plizyè santènn ou milye timoun lekòl.
Pou prezidan komisyon kominal enterimè Jeremi an, Onel Jacinthe, absans regrete memwa, enspektè Jean Saint Fleur nan moman fèt drapo a nan Jeremi, koze anpil vid ki trè remakab. Konsa, li difisil pou Grandans ta reve jwenn yon lòt filantwopis nan dimansyon regrete memwa Jean Saint Fleur ki kite yon seri zèv imòtèl.





