Nòdès-Konfli tèryen : 17 moun arete, 2 zam sezi nan komin Wanament

922

03-31-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) 17 moun jwenn arestasyon yo nan lannwit jedi 30 pou louvri vandredi 31 mas 2023, nan zòn Gaya, Mankèt ak Tilorye swit ak yon operasyon ki te gen nan tèt li komisè gouvènman jiridiksyon Fòlibète a, Me Eno Zéphirin, chèf pakè TPI Fòlibète a, ki te gen ak yon inite nan PNH la tankou Unité d’Intervention de Maintien d’Ordre” (UDMO). Otorite yo egalman, rive sezi yon pistolè kalib 9 milimèt ak yon fizi 12.

Julmiste RAPHAËL ak Diteil JOACHIN se 2 pami moun ki arete yo. Me Eno ZÉPHIRIN nan deklarasyon l, fè konnen li detèmine epi renouvle angajman l pou konbat fenomèn dechoukay tè nan nivo depatman Nòdès la.

Nap fè remake, operasyon sa fèt aprè yon reyinyon ant komisè gouvènman pakè Fò-ibète a, Me Eno ZÉPHIRIN ansanm ak otorite lokal yo jounen vandredi 9 mas dènye a. Se te okazyon pou plizyè viktim te depoze plent yo.

Comments are closed.