Asosyasyon Fondèl Ayiti manje e bwè ak divès sitwayen sou Plas Toussaint Louverture Jakmèl

911


05 – 05 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Asosyasyon Fondèl Ayiti (ASFOH) fè jès solidarite ak yon group moun sou Plas Toussaint Louverture Jakmèl la, jounen dimanch 05 me 2024 la. Responsab yo reyini plizyè dizèn moun pou manje ak bwè ansanm sou Plas piblik la, yon fason pou pataje lanmoun ak moutre yo, yo se moun tankou tout moun.

Daprè Prezidant ASFOH la, Madam Anne Molina Lundi, yo reyalize aktivite sa gras ak sipò manm ak zanmi asosyasyon an. Peyia ap konnen yon moman difisil, ki vin rann pou anpil moun jwenn ti moso lamanjay se nan gwo difikilte, pandan ke se youn nan bezwen primè yo.

Moun kap viv nan sitiyasyon sa yo, se moun menmjan ak tout moun. Menmsi yo pa ka manje gwo ak gra chak jou, yo sipoze manje kanmenm. Pou sa, otorite yo sipoze pran bon jan mezi pou bagay yo fèt ak ekite nan peyia, pandan yap kreye bon jan koulwa pou tout pitit peyia viv.

Moun ki te patisipe nan aksyon degras sila pat kache santiman kontantman yo, anpil nan yo deklare bagay yo difisil pou yo paske chak jou ki jou lavia ap vin pi di nan peyia.

Comments are closed.