Direksyon depatmantal komès ak endistri nan depatman Nòdès la kontinye lage koukouwouy dèyèdo medikaman ekspire

06 – 25 – 2024
Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal komès ak endistri branch Nòdès la kontinye lage koukouwouy dèyèdo divès kalite pwodwi ekspire ki kontinye ap vann nan mache ak nan magazen pami yo, medikaman k’ap vann nan famasi.
Nan sans sa a direksyon an di yo vrèman preyokipe ak divès kalite medikaman ki ekspire nan famasi yo e mèt yo ta pran malen plezi chanje dat ekspirasyon yo sou yo.
Pou konbat seri zak malonèt sa yo ki kontinye ap degrade sante popilasyon an chak jou pi plis, responsab direksyon depatmantal komès ak endistri branch Nòdès la, mande ak direksyon sante nan depatman an, pou yo pote boure sou malfwa sa yo, yon mannyè pou rive konbat zak malonèt sa epi jwenn yon pi bon mwayen pou pwoteje sante konsomatè yo.






