Nan kad pweparasyon selebwasyon 23 lane sasèdotal li, Rev pè Alange Emil Chepa mande linite ak lanmou nan mitan pèp ayisyen an.

481
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Rev pè Alange Emil Chépa, aktyèl kire Pawas Notre Dame de Lourdes nan Chansòl, depatman Nòdwès peyi a. Pè Chépa se yon natif natal komin Basenble; li pral fete 29 jen 2025, 23 23 lane Sasèdotal li; yon fèt k’ap tonbe bab pou bab ak fèt Senpyè ak Senpòl nan Pawàs Latandrie, Pòdpè.

Pandan pasaj li nan Metwopól Nòdwès la, jounen vandredi 20 jen 2025 lan,TRiboLAND te eseye fè ti bat bouch ak sèvitè Bondye a. Nan deklarasyon Rev. pè Chépa, li fè konnen vokasyon eklezyastik li genyen anpil pou wè avèk chwa li fè nan sèvi frè ak sè li yo k ap peri akoz konesans. Se konsa, li mande tout pè parèy li yo pou eseye konnen Jezi atravè lapriyè.

Nan sa ki pou wè ak kriz k ap brase bil peyi a, prèt katolik la preche tèt ansanm nan mitan nasyon ayisyèn nan; kidonk, pou li menm “si rat kay pa vann ou, rat deyò pa fouti achte’w”.

Share:

Leave a reply