Yon delegasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa an vizit nan kad ou evalye BED ak BEC nan Nòdwès peyi a

Nòdwès, Ayiti______(TRiboLAND) Yon delegasyon konsèy Elektoral Pwovizwa a, ki gen nan tèt li, madàm Florence Mathieu, konseyè, akonpanye chèf kabinè li, Me Pétion ki an misyon nan Nòdwès pou 2 senmèn.Madàm Florence Mathieu tabli katye jeneral li nan Otèl Brizmarina, zòn Boden, komin Pòdpè, ap genyen pou fè chita tande ak lapwès lokal.
Selon yon sous ki soti bòkote plizyè mann BEC (Biwo Elektoral Kominal) la, konfime bay TRiboLAND ke prezans Madam Mathieu, nan Metwopól Nòdwès la, se vin evalye BED Nòdwès ak BEC yo atravè 11 komin depatman an, nan kad preparasyon eleksyon yo.
Fòk nou di, konseyè a, selon menm sous la, gen pou l fè yon koutpye nan delegasyon Nòdwès la, pou li kapab rankontre reprezantan Egzekitif lan, msye Rock Excéus avan l al vizite BEDcki nan Metwopól Nòdwès ak BEC yo ki twouve yo nan komin yo.
Li enpòtan pou n raple, pwopriyetè kay yo nan Nòdwès pa deside renouvle kontra yo ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a ankò; answit gen anpil nan yo ki deja trennen mesye Leta devan lajistis akoz dèt yo, yo pa onore. Fòk nou di “moun sa yo pare tou pou pete lòbèy ak Madàm Florence Matthieu sitoutfwa Leta pa di yo anyen.Yon dosye TRiboLAND ap swiv!






