Yon nouvo rektè enstale nan tèt Inivèsite Piblik Nòdwès la, nan vil Pòdpè.

1,038

12-21-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan prezans plizyè gwo zotobre tankou : Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, direktè depatmantal edikasyon branch Nòdwès la, Eddy Augustin ak divès lòt rektè, doktè Joël Michel, enstale kòm nouvo rektè nan tèt Inivèsite Piblik Nòdwès la (UPNOPP), ayè mèkredi 20 desanm 2023 a, nan lokal inivèsite a nan ri Pi X.

Nouvo rektè a ranplase nan pòs sa a, Pè Siriak Ciné, yon orijinè Nòdwès ki te pase anviwon 10 lane ap sèvi inivèsite a, ki rete nan peyi blan meriken pou rezon pèsonel li.

Nan moman enstalasyon nouvo rektè a, li fè konnen li prè pou li travay nan tèt kole ak estaf inivèsite a, nan lide pou leve eskanp figi inivèsite a, nan menm wotè ak lòt yo kap bay bon rezilta nan tout peyi a.

Comments are closed.