Ministè edikasyon nasyonal via direksyon depatmantal Grandans renmèt plak donèt ak merit bay 11 anseyan pou karyè yo nan systèm edikatif lan.

05-18-2023
Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou valorize travay ak karyè anseyan kap travay nan system edikatif pou yon 30èn lane, e ap bay sèvis san rann kont gro enterè ekonomik, ministè edikasyon nasyonal a atravè direksyon depatmantal edikasyon nasyonal Grandans lan, òganize yon seremoni ofisyèl nan lokal direksyon depatmantal Grandans lan.
Gwo sòlòkòò sila ki te fèt nan kad pou onore travay ansenyan yo, te dewoule anprezans kèk envite demak; 11 pwofèsè ki genyen plis pase 30 lane ki tap sakrifye vi yo nan simaye moso pen enstriksyon nan sosyete ayisyèn nan, te resevwa plak done ak merit.
Profèsè Vidal Chevalier, kap anseye matyè chimi nan lise kominal Chanbelan an te pwofite okazyon pou lanse yon mesaj bay sendika anseyan yo kap fe grèv depi 2 mwa nan depatman an; li mande yo pou ke yo pran tikal konsyans pou pa kite elèv ki pwal nan ekzamen yo pèdi pou ane akademik 2022 – 2023 a.





