TPTC: Travay netwayaj kanalizasyon yo nan vil Pòdpè ap vanse.

1,099

03-12-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Direksyon Travo Piblik branch Nòdwès ki genyen nan tèt li, Joseph Angelot Horacius, tanmen depi kèk jou kiraj sistèm kanalizasyon an nan vil Pòdpè.

Objektif seri “pase men” sa yo nan sistèm sila, rive reyalize nan lide pou amelyore kondisyon vil Pòdpè ki, chak fwa yon ti sourit pipi nan tèt mòn yo lakòz gwo inondasyon.

Nan kad travay sila, TRiboLAND remake divès kanal deja netwaye tankou : kanal ki sòti zòn Nan Demelus pou al bout nan zòn Dè Ti Pòdpè, kanal/La rivyè Pon Senlwi, kanal nan zòn Twarivyè, kanal Kan Avyasyon poun site sa yo sèlman, san konte divès lòt netwayaj.

Poze kesyon pou konnen, konbyen kòb ki disponib pou netwayaj la? Repons lan bò kote konsène yo se, “se jefò Travo Piblik branch Nòdwès, nan kad yon pwogram asenisman”.



Comments are closed.