Jakmèl dràm : gro konstènasyon nan kominote Lasalin, maren-pèchè Johnny Avril pèdi lavi l nan lanmè

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Gro konstènasyon nan kominote pechè Lasalin, Jakmèl aprè lanmò bwit sou kou maren-pechè Johnny Avril, ki mouri nan lanmè apremidi lendi 16 jen 2025 la. Daprè Jacky Jaguar, yon lòt maren-pèchè nan zòn nan, Johnny Avril te abitye peche sou plaj Lasalin nan, kote li te pase anpil tan ap batay pou viv apapti sa li te konn jwen nan lanmè a.
Sikonstans lanmò Avril la pa klè ditou ditou; genyen kèk temwayaj ki ta endike ke li te al peche, jan li konn toujou fè sa chak jou, alòske li pa janm retounen. Anpil taktik, bwàs ak ladrès te fèt pou eseye sove-l Avril; men malerezman, li te gentan twò ta. Yo te vinn jwenn kò a byen ta nan apwemidi. Yon moman ki te devaste tout moun; tèt chaje ak mete 2 men nan tèt, kriye, ak doulè mare ren nan tout kominote Lasalin nan.
Johnny Avril se te yon nonm devwe, ki te renmen lanmè ak metye-l. Pou anpil moun, yon parèy lanmò kite yon gwo vid nan kè tout moun ki te konnen li. Kominote Lasalin lan ap mande otorite yo pou mete plis mezi sekirite pou pwoteje sitwayen kap pratike “le métier de mer”, ki pa reyèlman byen devlope.






