Afwik Disid deplwaye plis pase 70, 000 gason batayè yon fason pou bay plis jarèt a kouvwefe Kovid-19 la

Pwetorya____(TRiboLAND) Pwezidan Afwik Disid la, Ceyril Ramaphosa anonse ke li pwàl ajoute 70,000 sòlda batayè yon fason pou ranfòse kouvwefe ki vize pou kontrekare pwopagasyon Kovid-19 la atravè peyi a.
Afriwk Disid konte plis pase 3,365 ka kovid-19 konfime; li se peyi nan monn nan an ki genyen yon kouvwefe plim pa bouje. Sependan fòs sekirite yo nan difikilte pou ba l jarèt.
Depwi 27 Mas la, se sèl moun ki bay sèvis esansyèl yo tankou: travayè medikal, travayè finans, jounalis ak sèvis machandiz ki otorize pou travay.
Konsa, biznis kap bay sèvis esansyèl yo dwe aplike pou yon pèmi espesyàl bò kote gouvènnman an ki pou otorize anplwayè ou manm yo soti deyò.
Restriksyon sa yo gen pou wè avèk: kouri deyò, entèdiksyon pou pa vann kleren avèk sigarèt, pwomnad avèk chyen, pa gen sòti e kite lakay sinon ou riske pwan gwo pwizon e peye gwo amann si ou pèdi kat marenn ou.






