Nòdwès Nekwoloji : Johnny Avril, jounalis chevwone nan Pòdpè mouri apwè malèz respiratwà

1,076

08/18/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jounalis Johnny Avril, ki se korespondan Radio Signal FM mouri yèswà nan vil Pòdpè.

Selon enfòmasyon ki arive nan sal redaksyon TRiboLAND, Johnny tap plenyen avèk yon pwoblèm respiratwà rèd mare ki te oblije responsab otorite lopital Imakile Konsepsyon vil Pòdpè yo te kenbe l nan oksijèn pandan plizyè jou. Konsa, Johnny Avril, korespondan chevwone e respektab finalman mouri sware madi 17 out 2021 an, lakay li nan vil Pòdpè.

Johnny te egalman manm  Asosyasyon Jounalis Endepandan Nòdwès  (AJINO); ke nanm li repoze nan lapè e ke Bondye bay rès manm fanmiy Johnny kouraj pou yo supòte yon parèy kou.

Comments are closed.