3 Dominiken jwen arestasyon yo avèk yon magogo kokayin ki estime 20 milyon dola ameriken

313

04/25/2021

San Juan______(TRiboLAND) Kàd Kot Ameriken poze lapat sou 3 dominiken avèk 18 gwo manman pinba pakè kokayin  jodi dimanch 25 avwil 2021 an nan zòn nòdwès peyi Pòto Riko.

Dapwè otorite bato Kàd Kòt Richard Dixon lan, kokayin yo te sezi a 45 kilomèt nò Aguadilla nan San Juan. Bato pwezume koupab yo ki te genyen yon fanm abò li, te intèsepte avèk 477 kilo dwòg nan lanmè Atlantik la ki estime a 20 milyon dola ameriken.

Comments are closed.