Vyolans kontinye fwape komin Senlwi Dinò: Renel Vixama tonbe anba bal bandi nan zòn Koray.

366
0
Share:
TRiboLAND

Senlwidinò, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon lòt viktim ensekirite nan depatman Nòdwès la. Renel Vixama, mouri anba bal bandi ame nan zòn Koray, komin Senlwi Dinò, aprèmidi jounen lendi 16 jen 2025 lan, nan yon pwogram dezafi.

Daprè enfòmasyon, se ta Ti Rach, yon bandi kap opere nan zòn Dègranj ki touye Renel akoz li te demanti yon odyo Ti Rach te lage sou whatsapp, kote-l te di lap anvayi zòn Koray la.

Otorite lokal yo poko bay okenn detay sou zak asasinay sila, pandan ke popilasyon an ap mande yo pou pran mezi ijan kont ensekirite kap vale teren nan komin Senlwi Dinò a.

Divès peyizan nan seksyon riral yo ap mande sekou bò kote otorite yo rejyonal yo. Kidonk, bandi san fwa ni lwa ratibwaze divès pye manje yo te genyen nan tè ki te sèl souf konsolasyon yo.

Share:

Leave a reply