Pòdpè: Pwòjè konstriksyon lopital OFATMA ap vanse

302

09\08\2020

Pòdpè____(TRiboLAND) Depi anviwon 7-8 mwa aprè pòz premyè pyè konstriksyon lopital OFATMA nan komin Pòdpè, zòn Lasalin nou remake chak jou ki jou, enjenyè, fòmann, kontremèt, bòs mason ak ti pèsonnèl la pa janm chome.

Yon pwojè kap egzekite aba lobedyans “Overseas Engineering construction company Ltd. S.A. (OECC) nan yon dire 20 mwa ke repiblik La Chine Taiwan ap bay jarèt finansye.

Nap raple ou pwojè konstriksyon lopital OFATMA nan Pòdpè antre nan kad demach ak volonte premyè Dam nan “Martine Moïse” bò kote Chine Taiwan pou dote Nòdwès yon lopital “flanban nèf” e referans. Se pral yon gro kout zo pou gouvènman an, jou projè sa ta materialize.

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.