Nòdwès : Ravin Fitiyon se yon malè pandye pou 3èm seksyon kominal Polen – Lakòn

2,043

Ravin Fitiyon nan lokalite Lasalin, 3e seksyon Polen – Lakòn, komin Pòdpè ; lè lapli tonbe bay gwo pwoblèm epi okazyone gwo dega materyèl ak zannimo.

07-28-2022

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Depi anviwon yon deseni Ravin Fitiyon (drenaj natirèl) ki jwen sous abranchman li ak divès lòt drenaj natirèl ki sòti nan divès lòt zòn tankou : Larye, Morace, Nan Bad, Nan Vède, Lagòj pou n site sa yo sèlman lakòz gro dega chak fwa lapli tonbe. Konsa, popilasyon an toujou anrejistre gro dega materyèl ak disparisyon tèt betay ki se inik sous ekonomik yo san konte defisi jaden ak obstriksyon twonson wout Pòdpè Jan Rabèl, se yon veritab ma swife.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, kisa oubyen kilès ki lotè gro fenomèn sila?

Repons lan senp! Dapwè enfòmasyon korespondan Triboland yo rive jwen sou teren, abtitan yo esplike se msye Ronald Labranche ki lotè gwo fenomèn sila.

Pou Michelet Joseph, lè mesye Ronald Labranche pat ko gen jaden nan tèt ravin nan, Lasalin pat janm konn bay pwoblèm sa yo. Li kontinye pou l di, fenomèn sa a pran nesans nan lide pou mesye Labranche montre pouvwa li pandan lap pwoteje tè l ak jaden l lè li deside san fwa ni lwa drene tout ravin kite konn kraze jaden l yo, epi lage yo nan yon sèl drenaj natirèl kise “Ravin Fitiyon”. Selon mesye Joseph, se yon parèy anachi ki alabaz yon parèy dezòd anviwonmantal ki anpeche moun pa kapab pase Lasalin, yon lokalite nan 3 seksyon Polen – Lakòn, e komin Pòdpè.

Nan sans sa a, abitan yo mande ak direksyon depatmantal agrikilti, direksyon depatmantal Anviwònman ak direksyon travo piblik branch Nòdwès, pote kole yon mannyè pou rive frennen fenomèn sila ki ap dejenere chak lè lapli tonbe.

Comments are closed.