Pandan l’ap fè yon lòt vire won nan Nòdwès, Jovenel Moise promèt 15 km wout

382

12/27/20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jovenel Moïse ap fè laviwonn Nòdwès jodi samdi 27 desanm 2020 an. Pandan vizit sa, chèf deta a remèt kèk materyèl sanitè a Meri Pòdpè a, e anonse asfaltaj 15 km wout ki pral rely vil Pòdpè ak Banòdwès.

Jovenel ki te parèt fatige te fè konpran ke se 15 antrepriz diferan ki pral fè kolònn pou arive egzekite yon parèy projè ki pral mete bout nan kalamite woutyè diferan rejyon nan Nòwès ap fè fas. Konsa, li mande pou pèsòn pa pozel kesyon sou movèzeta twonson wout Lasalin ki separe depatman nòdwès la an 2 ki se Banòdwès ak Wonòdwès.

Jovenel Moïse yon lòt fwa ankò plede pou opozisyon politik la mete tèt ansanm ak li pou sove peyi Dayiti li di k’ap travèse yon kafou ki vrèman deplorab.

Fòk nou di prezidan Repiblik la, Mesye Jovenel Moïse fè Pòdpè don 3 kamyon ak yon mini chajè k ap pèmèt Lameri nan Pòdpè fè faskare ak vil sa a fatra ak labou achte lajan kontan.

Kidonk, anpil moun espere, fwa sa Lameri initil site Kapwa Lamò a, pap cheche eskiz pou netwaye vil la e ni mete yon fen nan lage fratra yo pran nan vil la nan Lasalin ke responsab munisipal yo fè tounnen yon menas ekolojik.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.