Yon gwoup jèn nan Janrabèl bat bwavo ak kontantman pou gwo fòmasyon yo resevwa nan men Fondasyon TRiboLAND jounen jodia

09 – 26 – 2024
Janrabèl, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon gro espas ki loje Legliz Dedye Pantekostal la nan komin Janrabèl, plis pase yon santèn jèn fi ak jèn gason te reponn prezan nan yon seyans fòmasyon gratis ki te akse sou fabwikasyon pwodwi chimik ak kosmetik, jodi jedi 26 septanm 2024 la nan Ba Nòwès peyi Dayiti.
Malgre espas la te limite, sepandan anpil moun te oblije kanpe deyò lokasyon an pou anmagazine bonjan enstriksyon sou diferan aspè lanvè landwàt konpozisyon engredyan adekwàt nan kad reyalizasyon pwodwi tankou: savon likid, shampoo, pafen lwil, pafen dlo, mistoline, e latriye.
Fondasyon TRiboLAND jwen jounen jodia, yon jenès ki sou men li; byen motive e pare agresivman pou mete bonjan konesans nan tèt yo, patikilyèman konpetans abilite ki kapab pèmèt yo dote tèt yo yon ti respirasyon ekonomik ak otonomizasyon.
Anfen, se te kòsman yon maryàj ak jèn komin Janrabèl la, patikilyèman avèk Agonòm Charles, youn nan pilye entèlèktyèl kap fè yon travay enpeyab ak jèn yo atravè lekòl pwofesyonèl “Excelcior”. Nap raple, Agonòm Charles, se yon fasilitatè Fondasyon TRiboLAND ki pèmèt mouvman fòmasyon gratis la ateri nan komin Janrabèl.







Bon travay fanmi TRIBOLAND ki sitiye nan jn rabèl
Mwen felisite nou
TRIBOLAND latòti fonkiyèz
Se enpòtan.
Fondation Triboland Mombin-Crochu
Waw bon travay DG Nou Pou fason u toujou ap envesti nan lajenes la
Triboland latoti fonkiyèz
Bon travay fanmi triboland pou jan nap envesti nn jèn yo
Triboland latòti fonkiyèz
Bnjou fanmiy triboland lan
Triboland latòti fonkiyèz
Mw felisite DG nou papa Loulou pou sal ye pou fondasyon triboland lan
Triboland latòti fonkiyèz
C enpòtan ui
Triboland latòti fonkiyèz
Triboland kontinye ap bay jén konesans tou pa tou felisitasyon pou gwo travay sa
Triboland kontinye ap bay jén konesans tou pa tou felisitasyon pou gwo travay sa
Triboland la tortue montry
Triboland kontinye ap bay jén konesans tou pa tou felisitasyon pou gwo travay sa
Triboland la tortue montry
Triboland latortue Montry
Felisitasyon triboland pask ou ap retire anpil jèn nan delekans
Triboland mont organisé
Triboland la croix
Bon travail Papa Loulou
Tribolend port de paix MST
Mw salye PD Louissaint pu bn travay li fondation Triboland womoustik Jncharles welcama
Se toujou yon gwo kontanteman chak lè triboland touche yon Kote
Triboland latortue fonkiyèz
Felisitasyon fanmi triboland
Triboland latoti fonkiyez
Fanmi an ap ogmante
Triboland latoti fonkiyez
Triboland la tortue fond cuillèse
Hi, i think that i saw you visited my web site thus i came to ?eturn the favor텶 am attempting to find things to improve my web site!I suppose its ok to use some of your ideas!!
Absolutely!