Yon lòt nyèm fwa ankò, TRiboLAND pran wout fòmasyon gratis pou anpeche jèn yo inisye nan gang sangwen

1,022

11-24-2023

Basenble, Ayiti_____(TRiboLAND) Fondation Triboland pa sispann akonpanye moun nan tout kwen peyi a atravè fòmasyon gratis ki pèmèt fanm kou gason gen kichòy nan tèt yo pou antre lajan nan pòch yo.

Anba inisyativ DG Papa Loulou, ki detèmine pou sèvi jèn yo atravè yon revolizyon pwodiksyon lokal, plis pase yon trantèn fanm ak gason pra’l aprann fè valiz e sandal atizanal ou mawokenri nan komin Basen Ble; kote yon latriye patisipan nan tout ra kwen tankou: Chanpay, Tiboukan, Fonpapay, vil Basen Ble, 1e seksyon Laplat Nerak, Laplat Diga, Odije, 2è seksyon Kawodati, Debwa, Guèt, Savann Mak, 3è seksyon Wo Moustik, Nan Limik e Jolivè.

Gwo sòlòkòtò sila, ki gratis, pral dewoule sou kòdinasyon Romario Accilien nan Basen Ble nan jou kap vendredi 1, samedi 2 e dimanch 3 desanm 2023 nan lokal Legliz Nazareyen Basen Ble an ki nan Ri Kapwa, apati 9 am – 4h pm.

Comments are closed.