Protestasyon, tansyon ak frape kò nan Croix-des-Missions ak Butte Boyer kont rekondiksyon Nice Simon

392

Pòdpè___(TRiboLAND) Sitiyasyon tansyon ak frape kò atè deklentche jodi samdi 1 out 2020 an nan Croix-des-Missions, nan antre komin Tabarre ak nan Butte Boyer kote yon krèy protestatè ap manifeste mekontantman yo kont rekondiksyon Nice Simon kòm ajan egzekitif enterimè pou munisipalite Tabarre a.

Kidonk, protestatè nan tou 2 lokalite sa degaje foustrasyon yo sou sikilasyon an, kote ke yo simaye sab nan wout zòn Butte Boyer e mete an bandoulyè yon kamyon nan prensipal wout piblik lokalite a ki konplètman paralyze trafik la.

Nap raple, yon parèy mouvman pa diferan de yon latriye protestasyon ki pa sispann bat tenèb dèyè yon kantite ansyen majistra ke la prezidans chwazi rekondwi nan tèt munisipal yo.

Comments are closed.