Fondasyon TRiboLAND mete fen nan gran seminè fòmasyon sou afloral ak desen pou 90 jèn timoun nan komin Senlwidinò.

824

02 – 13 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Ekip fondasyon TRiboLAND lan mete fen nan gran joune fòmasyon sou afloral ak desen pou anviwon 90 jèn timoun ki gen ant 10 a18 lane, ki soti nan plizyè seksyon kominal.

Patisipan yo ki tap montre satisfaksyon yo felisite PDG Loulou pou fason li mete tout sal genyen nan sèvi lòt yo. Yo te pwofite okazyon an pou mande papa Loulou kreye yon sant fòmasyon nan komin nan pou plis jèn kapab befisye plis sèvis gratis agogo.

Jèn yo kontinye remèsi ekip TRiboLAND lan ak tout fòmatè yo ki te nan dimansyon konesans yo nan delivwe yon sèvis enpekab nan okazyon an. Maison Djefley, Djouma Camille ak Telfort Taïna, se twa fòmatè ki tap mete konesans nan tèt jèn, ki pat kache kontanman yo pou fason fondasyon an ap depoze atravè peyi Dayiti.

Se tout paran jèn yo nan zòn nan ki te vin bat gwo bwavo pou TRiboLAND ki kite yon souvni remakab lakay ti jovi yo nan Degranj, Senlwidinò jodi madi 13 fevriye 2024 la.


Comments are closed.