Site Solèy: afwontman group gang, yon polisye blese anba bal e plizyè kay ensandye

544

Site Solèy/Pòtopwens___(TRiboLAND) Yon polisye blese anba bal an koneksyon avèk gwo afwontman ant plizyè gwoup ame ki tap twoke kònn yo jodi Madi 26 me 2020 an nan.

Batay la ki te ankaje divès bandi kap batay pou gen kontwòl plis tèritwa tankou Belekou, Boston, Brooklyn ak Site Solèy, koz yon polisye ki afekte Komisarya Site Solèy arive pran yon bal nan bouch. Selon temwen, tout afwontman yo pase anba je divès fòs sekirite tankou PNH, UDMO ak BRI ki te sou plas san reyaji.

Antouka sa ki klè, gwoup bandi ame deja genyen yon pakèt zònn anba kontwòl yo nan kapital la. Leta  ak gouvènman totalman enpwisan e enkonpetan, alòske afwontman ant gwoup gang ame ap miltipliye chak jou bondye mete. “Se yon veritab chan lagè”, dapwè Yvener ki tap rapòte bay TRiboLAND.

Menm jan ak weekend pase, anpil gwoup gang tap fè chante zam yo jodi a. Zam chante kon pèpèt mayi. Selon temwen jouda, gwoup gang ki genyen alatèt li Gabriel ta okazyone batay la ki vinn angaje patisipasyon gwoup gang Simon-Pele, Fò Dimanch ak Boston; yon sitiyasyon ki lakoz plizyè kay ensandye e konplètman paralyze wout Nasyonal #1 an.

Comments are closed.