Nòdwès pran yon gwo kou: Me ki sa TRiboLAND konnen sou lanmò Pè Fracilus Petit-Homme

1,079

12 – 02 – 2023

-Pè Fracilus Petit-Homme te fèt nan Wo Monstik, Ba Nòwès peyi Dayiti nan yon laj fanmiy.

-Se depi laj 14 lane, Kongregasyon Monfòten yo te chwazi e pwepare Fracilus Petit-Homme jiskaske li te konsakre lavi li nan yon parèy kouran eklezyastik.

-Ministè Pè Petit-Homme te toujou genyen yon pòte sosyàl ki te toujou makònnen ak devlopman.

-Pè Francilus mouri nan Miami, Florid, vandredi maten ki te premye desanm 2023.

-Francilus ki te tras li ak anpil bèl gwo egzanp nan tout pawàs ke li te pase. Yon seri tras imòtèl ki temwanye vokasyon sosyàl li, ki pa fasil pou moun obsève jounen jodia.

-Pè Fra, se pi gwo inisyatè ki te pran desizyon pou mete tèt ak popilasyon site Kapwa lamò a, nan lkolekte lajan pou chanje twati Katedral Imakile Konsepsyon an ki tap koule nan vil Pòdpè.

-Li se egalman inisyatè plizyè lòt gwo pwojè ki make depatman Nòdwès la.

-Pè Fra te toujou kwè nan devlopman imen. Li te envèsti nan yon kantite jèn moun ki remakab.

-Li te toujou travay nan tèt kole ak yon gwo potorik gason (Oreste Jean-Baptiste) nan vil Pòdpè ki te toujou anvizaje devlope komin nan.

-Se gras a Pè Fra ki pèmèt gwo enstitisyon edikasyonèl, “Collège Notre Dame de Lourdes” (CNDL) kontinye ap fonksyone.

-Li akimile anpil eksperyans ak bay sèvis nan plizyè dyosèz tankou: Pòdpè, Kap-Ayisyen, Ansafolè, Jan Rabèl, e patikilyèman nan Tampa, Florid (Winter Heaven).

-Nòdwès pran yon gwo kou; sitou pou sa yo ki konnen ki sa Pè Fracilus Petit-Homme te repwezante pou yo.

-Pou anpil moun, li te genyen plizyè chapo: lidè espirityèl, rasanblè kominotè, motivatè, filantwopis, espesyalis an devlopman, sosyalis, òganizatè kominotè, e latriye.

-Dènye kote ministè Pè Fra fini, se nan kongregasyon Winter Heaven, nan Tampa, Eta Florid.

-nan dènye jou yo, apwè plizyè seyans ospitalizasyon, responsab medikal yo te oblije voye Pè Fra nan “Opice”, pou dènye ou final èdtan yo sou tè a.

-Pè Fra mouri nan “Opice” nan vil Miami, Florid. Li te genyen 81 lane.

-Apwè dènye soupi li, Kongregasyon Monfòten yo nan eta Florid, pat pran tan pou te rekipere kadav la pou fè tout swivi ki genyen pou wè avèk pweparasyon finèb la nan tout entegralite li.

-Seremoni finèb Pè Fracilus Petit-Homme ap genyen pou anonse piblikman.

-Ke nanm li repoze nan lapè Oryen Etènèl!

-Bon travèse Pè Fra!

Comments are closed.