Yon gwoup jèn nan Janrabèl bat bwavo ak kontantman pou gwo fòmasyon yo resevwa nan men Fondasyon TRiboLAND jounen jodia

922
21
Share:
TRiboLAND

09 – 26 – 2024

Janrabèl, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon gro espas ki loje Legliz Dedye Pantekostal la nan komin Janrabèl, plis pase yon santèn jèn fi ak jèn gason te reponn prezan nan yon seyans fòmasyon gratis ki te akse sou fabwikasyon pwodwi chimik ak kosmetik, jodi jedi 26 septanm 2024 la nan Ba Nòwès peyi Dayiti.

Malgre espas la te limite, sepandan anpil moun te oblije kanpe deyò lokasyon an pou anmagazine bonjan enstriksyon sou diferan aspè lanvè landwàt konpozisyon engredyan adekwàt nan kad reyalizasyon pwodwi tankou: savon likid, shampoo, pafen lwil, pafen dlo, mistoline, e latriye.

Fondasyon TRiboLAND jwen jounen jodia, yon jenès ki sou men li; byen motive e pare agresivman pou mete bonjan konesans nan tèt yo, patikilyèman konpetans abilite ki kapab pèmèt yo dote tèt yo yon ti respirasyon ekonomik ak otonomizasyon.

Anfen, se te kòsman yon maryàj ak jèn komin Janrabèl la, patikilyèman avèk Agonòm Charles, youn nan pilye entèlèktyèl kap fè yon travay enpeyab ak jèn yo atravè lekòl pwofesyonèl “Excelcior”. Nap raple, Agonòm Charles, se yon fasilitatè Fondasyon TRiboLAND ki pèmèt mouvman fòmasyon gratis la ateri nan komin Janrabèl.

Share:

21 comments

  1. Ledger Live 29 September, 2024 at 05:08 Reply

    Hi, i think that i saw you visited my web site thus i came to ?eturn the favor텶 am attempting to find things to improve my web site!I suppose its ok to use some of your ideas!!

Leave a Reply to Tertulien Mishma Cancel reply