Popilasyon Latibonit lan denonse wo Kòmandman PNH la nan depatman ki pa gen oken volonte pou kraze group gang Kokorat San Ras la.

08 – 29 – 2024
Latibonit, Ayiti ______(TRiboLAND) Popilasyon an nan Latibonit move tankou kong yè mèkredi 28 dawout la, kont Direksyon depatmantal PNH la ki gen nan tèt li, Paul Menard ki pa gen oken volonte pou kraze group gang Kokorat San Ras la.
Plizyè santèn endividi rasanble nan site endepandans lan, byen detèmine pou mache pran group gang sila a kap teworize popilasyon an depiplizyè ane. Yon sitiyasyon revltant e ki leve plim sou do sitwayen yo. Pou majorite pwotestatè yo, Latibonit ap viv yon absans polisyè san presedan; alòske sosyete sivil la te ekri Direksyon depatmantal la pou mande sipò yo nan batay sa, responsab yo te bay akize resepsyon, epi yo pa janm di yo and marinad!
Popilasyon an move tankou kong, e ta menm endekse Direksyon depatmantal PNH la ki ta nan kònivans ak bandi yo kap teworize yo sou tout fòm. Divès moun nan foul la ta fè kwè, anpil polisye nan depatman sou pewòl group ame yo, se sa ki fè yo pa gen oken volonte pou kraze rezo kriminèl la.
Moun Latibonit prè pou maryaj Polis – Popilasyon an, yon fason pou eradike teworis yo ki ranfòse zak kriminèl yo.






