Opinyon yon Direktè lekòl sou kalandriye remanye 22/23 Ministè Edikasyon Nasyonal la.

647

Pòdepè, 17 Desanm 2022

Pèp Ayisyen, moun Nòdwès an patikilye, mwen salye nou pou kouraj ak bravou nou. Me sa nou dwe konnen sou kalandriye remanye Ministè Edikasyon Nasyonal pou ane akademik 2022-2023 a.

Kalandriye remanye 22/23 a, se yon kalandriye ministè a mete deyò pou amonize tan fonksyonman lekòl yo andan peyi a, yon fason pou sa ki pat louvri nan mwa novanm yo kapab bay timoun yo 142 jou klas pou yo ka non sèlman asimile yon ansanm kontni epi pou sa ki pral konpoze nan egzamen ofisyèl yo kapab prè nan yon nivo.

Nan sans sa a, n ap wè 03 Janvye se reprises kou yo ki make se pa ouvèti klas yo. Pou nou byen konprann kalandriye a, nou dwe li oubyen tande deklarasyon minis edikasyon an te fè vandredi ki te 16 desanm 2022 a.

Lòt aspè, genyen 47 % lekòl ki poko louvri nan peyi a selon dènye enfòmasyon ministè a kominike. Genyen 53 % ki louvri. Se ministè a menm ki pibliye enfòmasyon sa yo sou fonksyonman lekòl yo pou dat 16 desanm lan. Se yon prèv tanjib ki montre ministè a konnen lekòl ouvri depi 14 novanm. E minis edikasyon an te pase vizite plizyè lekòl k ap fonksyone depi mwa novanm nan depatman lwès la. E li te ankouraje timoun yo mete inifòm pou vin lekòl.

Nan sans sa a, nou deja wè, lekòl ki te ouvri nan mwa novanm yo ap travay 10 mwa, lekòl k ap ouvri nan mwa Janvye yo ap travay 7 mwa pou klas ki pap ale nan ofisyèl yo epi 6 mwa ak kèk jou pou klas ki pral nan ofisyèl yo. Li enpòtan pou moun ki fè pati sistèm edikatif la ede pèp la konprann kalandriye remanye a, yon fason pou nou pa kite pèp la nan erè…Timoun ki poko al lekòl yo pèdi 4 mwa klas deja.

Mesyedam, ayisyen toupatou, pran tan nou pou nou analize kalandriye a. Pa fè divèsyon yon fason pou nou divize sosyete a pi plis ke jan li ye la a. Pa divize lekòl yo plis ke sa! Annou kolabore pou tout timoun retounen lekòl nan mwa janvye a paske tout timoun se timoun.

Pou fini, n ap mande Ministè Edikasyon Nasyonal atravè direksyon depatmantal yo, pou fè yon kanpay sansibilizasyon ak motivasyon pou esplike popilasyon an ki objektif kalandriye remanye a. E ki enpòtans li nan yon peyi ki genyen yon kriz jeneralize? 

Ralph Joram ELIAMEAU,

Direktè Lekòl nòmal Martha Winckler, Pòdepè

Comments are closed.