Nouvo polisye ki entegre enstitisyon PNH la resevwa kat asirans sante avèk OFATMA

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon seremoni Direksyon Jeneral OFATMA òganize nan tèt kole ak Direksyon Jeneral PNH la, jounen vandredi 27 jen 2025 lan, yon kantite 792 kat asirans OFATMA delivre bay yon group olisye ki frèchman entegre enstitisyon an.
Nan kad seremoni sila ki te òganize nan lokal Direksyon jeneral Lapolis la, an prezans divès wo grade nan PNH la, Direktè jeneral OFATMA, Vikerson Garnier salye kolaborasyon 2 enstitisyon yo, epi renouvle angajman yo pou akonpaye enstitisyon piblik yo atravè bon jan sèvis asirans sante.
Daprè biwo Kominikasyon OFATMA, kat sa yo remèt Polisye yo, ap pèmèt yo ale nan rezo sante ki gaye nan tout peyia, kap travay nan tèt kole ak OFATMA.






