Nan kad kriz sekirite a kap vale teren nan peyi Dayiti, peyi Gwatemala deside deplwaye yon bon valè polisye militè nan objektif pou bay PNH la jarèt

320
1
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Nan kad kriz sekirite a kap bale wouze anndan peyi Dayiti, peyi Gwatemala deside deplwaye atravè MMSS la, plis pas 150 gason batayè espesyàl sou tèritwa Jan Jak la, nan kad pote kole pou retabli lòd ak larèg.

Se yon gwo jès solidarite responsab peyi Gwatemala vle eksprime atravè yon parèy demach ki fè prèv yon angajman detèminan pou bay Ayiti jarèt nan objektif pou ratibwaze plat atè flewo vyolans bandi ou gang san sal yo nan peyi a. Deplwaman yon kontenjan fòs polisye militè espesyalize gwatemaltèk yo, ap genyen pouf è aparisyon yo nan peyi Dayiti apati 22 desanm 2024 la, daprè konfimasyon boukantaj lapawòl ant 2 minis Afè Lòt bò Dlo 2 peyi yo.

Antouka, pandan fòs sekirite ayisyèn yo eksprime yon volonte reyèl pou mache sou fyèl bandi sangwen yo, anpil lòt fòs gang nan antouraj pouvwa kòwonpi a, dedouble pou mande revokasyon chèf lapolis la, Normil Rameau ki ta sanble ap bay rezilta. Sepandan, yon deplwaman yon fòs gwatemaltèk yo, nan moman sila, se pral reyèlman yon pote kole pozitif pou kontinye ede PNH la make pwen nan kad ratibwaze gang santifò yo.

Share:

1 comment

Leave a reply