Moun ki pa idantifyàb badijonnen ak doudou Pakè tribinal Kap Ayisyen an

1,594

Kap Ayisyen______(TRiboLAND) Moun yo pa arive idantifye badijonnen ak doudou lokal ki loje pakè tribinal vil Okap la nan maten lendi 25 avril 2022 a.

Sepandan, komisè gouvènman Kap Ayisyen an, Mèt Richemont Florival ta rete kwè ke se yon group avoka ki tap reklame demisyon l ki ta dèyè yon parèy zàk derespektan ak santi kri.

Nap raple, group G7 ki reyini yon latriye avoka nan vil Okap, deklentche plizyè semèn protestasyon kote ke yap reklame demisyon komisè Florival nan tèt pakè a.

Comments are closed.