Pou peryòd fèt fen dane 2024 lan, otorite yo nan Grandans pwomèt pou ranfòse divès mezi sekirite

196
0
Share:
TRiboLAND


12 – 26 – 2024

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou retabli lòd ou trankilite piblik pou peryòd fèt fen dane 2024 la, otorite fè sòti yon kominike atravè plis pase katoż komin nan depatman Grandans lan.

Kominike sila ki pote siyati delege depatmantal Grandans lan, Paulemont Michel, komisè gouvenman an, Mèt Jean Marie Gaetjeens Alexandre, Chèf polis Grandans lan, Frantz Saint Armand, entèdi fòmèlman pou kelkeswa sitwayen, sitwayènn pa sikile nan depatman an san pyès idantite valid.

Nan menm kominike sila, otorite yo pase lòd pou moun pa vann pwodwi petwolye sou vwa piblik lan, e machann gaz yo genyen yon delè ki pa twò long, pou debarase totwa yo ak kesyon gaz lan. Kominike a ale pi lwen, pou di si yon moun pa respekte mezi sa yo, lalwa ap aplike kont yo san gade dèyè.

Share:

Leave a reply