Senlwidinò : Polis minisipal sezi nan lokalite Gaspa yon zam dezagreman

1,381

10-30-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Polis minisipal yo nan komin Senlwidinò, presizman nan lokalite Gaspa 2èm seksyon Rivyèba, sezi yon gro zam dezagreman nan men yon solda ki fè pati gwoup bandi Tirach ap kòmande nan komin Senlwidinò.

Karakteristik zam ki sezi a, simen anpil panik nan mitan popilasyon an; alòske group gang “Tirach” ap menase lavi ajan polis minisipal yo, e menm deklare ke yo pare pou egzekite yon senkantèn moun si tout fwa yo pa retounen zam nan.

Yon lòtbò lapolis nasyonal la ap bay mesye yo presyon pou pote zam nan ba yo. Lavi polisye minisipal yo andanje ak Tirach; abitan nan Gaspa nan gro difikilte pou yo vin vann ou achte nan mache piblik Rivyèba fas ak gro menas masak group gang sangwen an.

Depi aprè lanmò chèf gang Levèl, Wa Izayèl, Erick Prospère moun nan seksyon kominal yo te kòmanse ap retounen lakay yo e te espere ke lavi tap reprann nan komin nan, malerezman se byen konte mal kalkile!


Comments are closed.