RJDP òganize yon konferans deba nan komin Tigwav.

08 – 29 – 2024
Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Rassemblement des Jeunes pour Développement Petit Goâve (RJDP) òganize yon konferans deba maten jedi 29 dawout 2024 la, nan yon plaj zòn Bonrepo nan vil Tigwav.
Konferans sila a, òganize sou tèm “kisa Tigwav reprezante sou plan istorik,” nan lide tou pou byen infòme jèn etidyant, etidyan yo ke Tigwav te patisipe nan kad batay yo tap mennen pou libere peyi Dayiti anba esklavaj blan je vèt.
Ansyen majistra adjwen Delor Desgranges, ki te konferansye nan kad aktivite deba a, delare Fò Gary, Fòlibète, Fòwayal, Fò Nan Mazi patisipe nan kad lit ki t’ ap mennen pou bay peyi Dayiti lendepandans li anba men kolon blan yo. Selon Delor, Fò yo genyen 5 dimansyon : yon dimansyon mistik, yon dimansyon istorik, yon dimansyon Touristik, yon dimansyon kiltirèl ak yon dimansyon voteks.
Toutfwa mè asese a Delor Desgranges deklare li enpòtan anpil pou pèp la konnen enfòmasyon sou Fò yo, pandan-l fè konnen genyen 4 eleman nan lanati ki antoure Fò yo: dlo, lè, dife ak tè a.






