Biwo touris Jakmèl la tanmen yon pwosesis netwayaj aprè pasaj ouragan Beryl ki te sakaje divès zòn nan rejyon an

313
0
Share:
TRiboLAND

07 – 06 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè ouragan Beryl te fin sakaje divès zòn nan Jakmèl nan lannwit 02 pou leve 03 jiyè ki sot pase la, tankou: waf touristik la, sant konvansyon an, antre dwàn nan ak Lakou Nouyòk.

Biwo touris la nan tèt kole ak divès sitwayen kòmanse travay nan espas sa yo jodi samdi 06 jiyè 2024 la.

“Jakmèl se pou nou, nou pa ka kite-l kraze”, se deklarasyon divès sitwayen nan zòn lan. Responsab yo mande otorite nan piwo nivo Leta pou touche gran aks sila ki reprezante yon gwo danje pandan sezon siklonik lan, ki deja anonse anpil kè sere ak bouch pa gou.

Share:

Leave a reply