Yon gwoup sitwayèn ak sitwayen tanmen yon kanpay netwayaj nan vil Tigwav.

840

08-19-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayèn ak sitwayen responsab tanmen yon kanpay netwayaj maten samdi 19 dawou 2023 a.

Selon rezidan angaje sila yo, kanpay netwayaj sa a, reyalize nan lide pou toujou kenbe vil la pwòp jouk jiskaske chèf gouvènmen defakto PHTK a, Ariel Henri nome yon komisyon ki pou dirije meri komin Tigwav la.

Plas Abèy, Avni La Hatte, avni Libète, ri Desalin, ri Lama, ri Sen Pòl, ri Fwatènite, Plas Dam, ri Louvèti ak Gran Ri, se kèk zòn sitwayen yo gen nan pwogram yo pou aseni yon fason pou kenbe site Fosten souloukwaz la pwòp.

Toufwa, rezidan angaje yo, lanse apèl bay premye minis defakto Ariel Henry a, pou nome prese-prese yon katèl ajan ekzekitif enterimè ki sanble tankou 2 degout dlo ak pèp la yon fason pou byen administre komin Tigwav, pandan yo deklare yo pap apiye yon moun yap mete kòm figiran kap krate santi e ki pap kapab konprann ou amelyore soufrans popilasyon tigwavyèn nan.

Comments are closed.