Protestasyon : Abitan nan rejyon Jakmèl barikade wout la nan nivo Raymond.

2,380

05-21-2022

Jakmèl_____(TRiboLAND) Abitan kap viv nan vil jakmèl ak zòn ki antourel yo, rive jounen samdi 22 me 2022 a, barikade ak kawoutchou, wòch ak divès lòt objè, sou wout nan nivo Raymond nan Jakmèl.



Pwotestasyon sa a, rive fèt nan lide pou egzije gouvènman Ariel Henry a, rezoud pwoblèm la mizè, lavi chè, pwoblèm enfrastrikti woutyè, chomaj ak pwoblèm gaz; se prensipal revandikasyon sa yo ke abitan yo enskri nan yon fèy playwood kòm doleyans yo.

Sou menm chapit la, protestatè yo te pwofite egalman rele ABA dèyè konpayi telefonik yo rele Digicel la, kap piye epi vòlò lajan ti malerèz ak malere nan komin Jakmèl. Nan moman protestasyon an, pèp souvren te tou pwofite lanse yon iltimatòm kote yo mande Lapolis, moto ak machin kanpe lwen nan yon distans 500 m san rapwoche sou yo.

Comments are closed.