Otorite Imigrasyon nan peyi Bayamas kenbe plis pase 150 konpatriyòt ayisyen abò yon bato vwalye.

07 – 06 – 2024
Naso, Bayamas____(TRiboLAND) Konpatriyòt ayisyen nou yo k’ap kouri kite peyi Dayiti pa sispann pran imilyasyon anba men etranje nan travèse lizyè.
Imigrasyon nan Naso kenbe plis pase 150 konpatriyòt ayisyen abò yon bato vwalye ki t’ap tante al boske lavi nan Bayamas.
Konpatriyòt ayisyen sa yo ki t’ap tante rantre sou tèritwa bahameyen an san papye, te genyen pami divès fanm ak ti moun piti ki te riske vi yo pran wout dlo sale a.






