Machin Senatè Joseph Lambert pran nan yon briganday ki pa klè!

236

03/16/2021

Pòtprens_____(TRiboLAND) Machin vit tente e san plak ki te devan BNC nan Ri Lamarre, nan Petyonvil lendi ki te 15 màs 2021, se te machin Senatè Joseph Lambert ke pitit gason li Bradley t’ap kondwi.

Selon kèk sous jounalistik, se Bradley ki ta sanble responsab pou ale chanje yon latriye plak SE pou plak ofisyèl pou pèsonèl Ti rès Senatè a yon fason pou reponn ak nouvo pwosedi legal yo. Machin sa ki te deja parèt sispèk nan zòn nan, te fòse sitwayen veyatif kouri alète lapolis ki pat pran tan pou ansèkle veyikil la. Konsa, se avèk anpil etonnman moun tap pràl konstate moun ki te nan machin nan kouri desan e vise yon plak ofisyèl nan machin.

Antouka, me k`oman moun ki swadizan ki fè tèt yo pase pou nèg save ak nèg kap fè lwa anndan peyi a montre pitit yo kòman pou yo sèvi ak byen leta e menm jwen benediksyon bò kote yon polis koupyon reselè ki petèt senpleman bàt do Bradley, san arestasyon.

N’ap raple, Senatè Joseph Lambert te lopital nan moman yon parèy briganday!

Comments are closed.