Jounalis korespondan radyo Vision 2000 lan viktim anba men PDG radyo New Star FM nan vil Pòdpè

05 – 27 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jounalis korespondan Radyo Vision 2000 nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, Jolissaint Joslin viktim zak vyolans anba men PDG Radyo New Star FM nan Pòdpè.
Jounalis la ki te benyen wouj ak san t’ap esplike, kòman Ernst François PDG Radyo New Star FM nan, bal plizyè kou epi woule li anba sou yon mach pandan li t’al reklame salè li anba men PDG a.
Joslin Jolissaint ki pat deside bay twòp detay sou sak pase a, fè konnen seri atak sa yo vini swit ak yon emisyon li tap fè nan Radyo New Star FM kote li t’ap denonse sitwayen k’ap itilize enfliyans yo pou detounen ti moun piti nan vil la.






