Eleksyon 13 Desanm: Sekretè Deta Joseph Lucien Jura ak yon delegasyon gouvènman an nan Nòdwès pou pran tanperati pwosesis elektoral la

36
0
Share:
TRiboLAND

08/27/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Sekretè d’État pou Kominikasyon an, Joseph Lucien Jura, akonpaye yon delegasyon rankontre
plizyè otorite nan depatman Nòdwès la, ak reprezantan laprès jodi jedi 27 dawout la pou pale sou pwosesis elektoral la ak eleksyon ki prevwa dewoule nan peyi a nan dat 13 desanm 2026.

Rankont sa a te yon okazyon pou otorite yo bay kèk detay sou preparasyon yo, pandan yo envite jounalis yo, fonksyonè Leta k ap travay nan Gran Nò a ansanm ak popilasyon an an jeneral, pou pran responsabilite yo nan pwosesis elektoral la.

Nan entèvansyon li, Joseph Lucien Jura mete aksan sou enpòtans eleksyon yo pou peyi a. Li ankouraje tout sektè nan sosyete a pou enplike yo nan pwosesis la, yon fason pou eleksyon yo kapab dewoule nan pi bon kondisyon posib.

Daprè li, patisipasyon sitwayen yo ak angajman diferan aktè yo se eleman ki enpòtan anpil pou garanti reyisit pwosesis elektoral la.

Pandan rankont lan, plizyè otorite ki reprezante kolektivite tèritoryal yo pa t kache fristrasyon yo fas ak fason yo konsidere gouvènman an pa bay yo ase mwayen pou akonpli misyon yo.

Daprè otorite sa yo, mank resous ak enfòmasyon fè li difisil pou yon seri detay enpòtan rive jwenn popilasyon an alè. Sitiyasyon sa a, selon yo, kapab gen konsekans sou mobilizasyon sitwayen yo nan kad eleksyon k ap vini yo.

Youn nan pi gwo pwoblèm ki te sou tab la se kesyon enskripsyon elektè yo. Otorite yo konsidere sitiyasyon sa a kòm yon gwo andikap ki kapab afekte kantite sitwayen ki pral gen posibilite patisipe nan eleksyon yo.

Yo estime si pwoblèm ki gen rapò ak enskripsyon an pa jwenn solisyon nan tan apwopriye, sa kapab diminye kantite moun ki pral kapab egzèse dwa yo kòm elektè.

Prezidan Biwo Elektoral Depatmantal (BED) Nòdwès la, Kerry Hyppolite, fè konnen malgre efò Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap fè, gen plizyè bezwen enpòtan ki poko jwenn repons.

Daprè prezidan BED la, kèk nan materyèl ak mwayen ki nesesè pou pèmèt estrikti elektoral yo fonksyone nòmalman poko disponib.

Li revele tou gen kèk kay ki dwe sèvi pou loje Biwo Elektoral Kominal yo (BEC) kote lwaye yo poko peye. Pou Kerry Hyppolite, sitiyasyon sa a kapab mete plis presyon sou operasyon elektoral yo nan depatman an.

Malgre dispozisyon k ap pran pou prepare eleksyon yo, kesyon sekirite a kontinye ap soulve anpil dout nan mitan popilasyon an.

Gen plizyè sitwayen ki rete kwè, toutotan gouvènman an pa rive pote yon repons efikas devan pwoblèm ensekirite a, li pral difisil pou òganize eleksyon nan bon kondisyon nan peyi a.

Eleksyon 13 desanm 2026 yo rete yon gwo etap politik pou Ayiti. Men, ant pwoblèm enskripsyon, mank resous, difikilte lojistik ak ensekirite, anpil defi toujou devan otorite elektoral yo ak gouvènman an pou rive garanti yon pwosesis ki aksesib, kredib epi ki pèmèt sitwayen yo patisipe.

Share:

Leave a reply