Jeremi : plizyè dizènn manm nan popilsyon an pwan lari pasifikman pou remèsye ak ekspwime apwesyasyon yo anvè pwezidan Salvadò a, Nayib Bukele (Sovèlele)

11 – 06 – 2026
Jeremi- Ayiti ( TriboLAND) Jan ta te anonse pou jodi vandredi 06 novanm 2026 lan, byen bonè maten an plizyè dizènn manm nan popilsyon an nan Jeremi, manifeste pasifikman atravè divès ri nan objektif pou ekspwime gratitid yo ak apwesyasyon yo anvè pwezidan Salvadò a, Nayib Bukele ke anpil moun nan popilasyon an rele Sovèlele.
Gwo manifestasyon sila, ki te reyini kout kouch moun nan vi nasyonal la, pat manke fè kontantman ak soti nan yon seri slogan ak chante ke yo tap kantone pou ekspwime solidarite yo anvè misyon Sovèlele a ki, ta tout bon vre ekspwime detèminasyon li pou dezenfekte ou eradike peyi Dayiti ak mikwòb gang sapat ak kravat.
Sou tout pakou manisfestan yo ki tap degaje enèji ak kontantman yo anvè misyon Sovèlele a, moun te kapab remake avèk ki kontantman yo tap rele viv prezidan salvadoryen an. Atravè yo seri slogan piman bouk, yo te deklare : “Tout moun ki pa renmen Bukele ou Sovèlele, se bon jan gang sangwen. Yon parèy manifestasyon popilè te dire pandan plizyè èd tan ak yon pakou ki te sekize sou gro dispozitif sekirite polis nasyonal nan Jeremi; aloske li te pran fen san okenn ensidan.
Finalman ansanm òganizatè yo kase randevou ak patisipan yo pou yon ènyèm manifestsyon pou kontinye sipòte operasyon pou eradike gang yo sou kèlke swa fòm lan, pandan lidè responsab yo nan kominote jeremyènn lan mande popilasyon an pou founi je yo sou moun kap danse kole ak gang san manman. Yo mande yo veye an wo e veye anba ak bare nan mitan atravè kat kwen depatman Grandans lan pou pa kite menm sant bandi anvayi yo sou nenpòt ki fòm.
Nap raple, TRiboLAND.com se inik medya anlyin ki kreye sedo (Sovèlele) pou Nayib Bukele antèm rekonesan ak gratitid; lè ou konprann non peyi Salvadò genyen anpil pou wè avèk “Sovè”!






