2 000 Polisye Ayisyen pral pran fòmasyon nan peyi Kenya

274
0
Share:
TRiboLAND


05 – 27 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon antant ki jwenn ant manm konsèy Prezidansyèl la, ak gouvènman Kenya, 2000 Polisye Ayisyen ta dwe al pran fòmasyon Kenya nan sa ki gen pou wè kijan pou yo batay ak gang. Oken detay poko bay sou kilè polisye yo ap deplase pou Kenya, men yo ta dwe tounen nan peyia nan mitan mwa jen an.

Divès sitwayen pa sispann kesyone desizyon sa, lè yo panse ak efektif lapolis la nan peyia. Èske se ansanm tout 2000 polisye sa yo prale? Pwiske twoup la ap vini, poukisa fòmasyon sa pat bay nan peyi Dayiti?

Leta Ayisyen ak kominote entènasyonal la pa sou rezoud pwoblèm gang yo nan peyia, se sak fè se dilatwa yap fè, daprè plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la.

Share:

Leave a reply