Otorite yo nan depatman Nòdès peyia pran gro dispozitif pou konbat vòl zannimo peyizan yo

394
0
Share:
TRiboLAND

Nòdès, Ayiti ____(TRiboLAND) Otorite yo mobilize pou bay repons ak fenomèn vòlè bèt peyizan yo kap vale teren nan zòn riral yo nan depatman Nòdès la. Nan sans sa, Delege depatmantal Nòdès la, Dionel Germain rankontre kazèk tout seksyon kominal yo, jounen jedi 19 jen 2025 la, nan lokal CLAC Fòlibète a.

Rankont sa te louvri wout sou plizyè diskisyon sou ensekirite agrikòl la, kote peyizan ap pèdi bèt yo prèske chak jou. Nan entèvansyon li, Delege depatmantal la fè konnen Leta pran dosye sa trè serye, e li deja mete anplas bon jan mezi estratejik pou redwi ak menm elimine fenomèn vòlè bèt la nan divès rejyon.

Pami mezi yo, Delege a anonse Lapolis nan depatman an pral resevwa 5 nouvo machin patwouy pou ogmante prezans yo nan seksyon riral yo, yon fason pou bay repons pi vit ak ka sispèk yo. Yon inisyativ gouvènmantal pou mete plis presyon sou bandi kap simen laterè nan mitan agrikilti ak elvaj.

Delege a lanse apèl bay kazèk yo, pou yo jwe wòl yo ak angaje yo nan batay pou enpeche vòlè ou eskanmòtè kontinye kase kou peyizan yo. Anplis, mande popilasyon an kolabore ak otorite lokal yo, yon fason pou mete fwen nan fenomèn sila.

Share:

Leave a reply